Laviwonn dede

Article : Laviwonn dede
Crédit:
16 avril 2012

Laviwonn dede

© Atis ki fè tablo asasinay sa a rele Edgard Jean-Baptiste
© Atis ki fè tablo asasinay sa a rele Edgard Jean-Baptiste

Laviwonn dede

.

Laviwonn dede

Lanmò plane kou malfini

lap fè laviwonn dede

dèyè yon vyann

dèyè yon chan pwa

chan mayi

.

Potoprens leve chak maten

ak rèl nan je

pou yon pitit gason

yon vizitè

ke minui manje

.

Twa (3) revòlvè antre nan yon kay

san frape

yo pran lavi

blayil atè

soti kè kal.-

.


Sou beton Pòtoprens

Sou beton Pòtoprens, tranbleman-d tè pase, alarive li pote ale tout sa-m te posede, ata yon ti bout papye vyèj ke plim nan tap eseye kreve ak de ti mo twa pawòl

Sou beton Pòtoprens, m-di tranbleman-d tè pase, alarive li pote ale tout sa-m te ganyen. Sa-l kite? Yon ti gout lawouze douvanjou nan mitan de fant dwèt mwen ak yon ti moso lalin ki tap voye  yon ti ponyen limyè nan mitan lanwit la, jous nan batan fenèt la, lè lanp tèt gridap mwen te fin tenyen

Sou beton Pòtoprens, tout vye rèv yo jouke antre jous nan rèv nou, nou sispann reve, rèv nou anchennen, rèv nou marye, rèv nou ligote, mare nan fisèl, tankou vye bèf chenn yap mennen labatwa,  rèv nou minote yon kote, yon kote, nou pa menm konnen pouki, nou pa janm konnen si se isit oubyen pa bò lòtbò, si se kounyè a oubyen si se depi byen lontan

Adje ! Ayiti inosan mesye, Ayiti gen pou-l sispann benyen nan san, Ayisyen gen pou yo sispann peye pou sa yo pa fè, paske : pa gen sekrè-k kache k-pap devwale, yon jou sekrè gen pou tonbe tankou grenn lapli sou plas piblik, sekrè gen pou sove tankou prizonye-k evade

Sou beton Pòtoprens m-wè, se tout yon kawo twa degout anmè kouwè fyèl, tankou yon match bòskè nou K.O, nou tonbe, kanmen-m nou leve kanpe pou nou ka retonbe pi rèd, match la di, li dire, li pi di atò lè nap bokse raj nou, lè kout pwen-n ap tonbe nan levid pou vide tout mwèl sèvo nou atè

Sou beton Pòtoprens

Tranbleman-d tè pase

Epi…

Beton

Beton nan zokòkòlòs tèt mwen

Retire tout memwa-m

Ou ta di de (2) tete fanm yo tòtòt byen tòtòt.-

.


Vwayaj pam nan se degidon

Map leve tout rad met deyò

Tout liv chire

kreyon kase

Ak plim san min

.

M-pral frape tèt lalin nan panno

M-pral kwaze mèt minwi sou gran chimen

M-ap sote lawont nan pòt fenèt

M-ap volewo m-di-w

Epi se jous byen lwen map pati

Lwen lwen lwen

Byen lwen menm

.

Degidon, degidon, degidon !

Degidon, degidon, degidon !

Degidon, degidon, degidon !

.

Si flè te pouse pa bò isit

A la pran m-ta pran sant

A la keyi m-ta keyi

A la wouze m-ta wouze

A la koupe m-ta koupe

A la taye m-ta taye

M-tap yis !

M-tap yas !

M-tap tchoup!

Plonje nan de basen foli

Pou-m pa janm fè foli.-

.


Tann! Tonnè!

(Pou tout jèn powèt kreyolofòn… Jan tan an boloze…)

.

Tann…

M-fout diw tann

Tann

Pa tann yo kenbe menw

Tann yo rale pwent nen-w

Tann dousman

Fè ti souri lakontantman

Tann demwazèl vole

Dèyè pòt kay ou

Tann

.

Tann nan lonbray

Pase adwat

Vire agoch

Desann anba

Monte anwo

Wa jwenn platon

Tann

.

Men se pa tann

Jiskaske-w tounen pwa tann

Fò-w tann

Tann mwen di-w

Tann ! Tonnè !

Lap vini

M-di pou-w flank tann !

.

Thélyson Orélien

 

Étiquettes
Partagez

Commentaires